Se nan pawas Sen Pyè ki nan komin Petyonvil antèman Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent chante jounen vandredi 28 fevriye a devan divès gwo pèsonalite tankou : Presidan KPT a, Lesli Voltaire, Konseye Prezidan Edgard Leblanc Fils, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, minis kilti ak Kominikasyon an, Patrick Delatour, DG Lapolis la Normil Rameau, Jeneral an chef fòs lame Dayiti a, Derby Blaise, Ansyen Premye minis Jean Michel Lapin, ansyen minis Daniel Suplice, Arnold Antonin ki se kontanporen Frank, Anbasadè peyi Canada nan peyi dayiti a, elèv ki soti nan divès lise nan kapital la, Òkès palè nasyonal, relijye, relijyez ak plizyè pèsonaj nan mond atistik la.
Reveran Pè Guerlin Chancy kire pawas Sen Pyè a nan omeli sikonstans lan raple nou grandè mapou sa li kalifye tankou yon gran imanis, yon defansè moun, yon atizan filozofi mistè yo, yon nonm ki tap chèche Bondye e ki te konn rele enèji inivèsèl. sa ki pran douvan an, enpòtans zèv li yo, angajman l te toujou pran akote oprime yo. Kire a kontinye pou l di: "Frank te vinn tounen yon disip Kris la, li te konn vinn lamès ak madanm li epi fè chaplè. Men konvèsyon l pat chanje anyen nan travay li kòm atis pliridimansyonèl.
Pou l fini, Pè Chancy raple kijan defen an ale san l pa wè rezilta koz li t ap defann yo. Nan yon Pòtoprens ki finn depafini, k ap soufri nan tout kòl Frank ale san wè lavi retounen fleri tout bon vre.
Nan entèvansyon li, Madàm Marie André Étienne, kise Madan franketienne depi plis pase 55 lane, mete aksan sou vid depa sa kite nan lavi li, nan lavi pitit li yo Stephane ak Roudy. Nan yon dènye lèt li ekri Frank, li mete aksan sou jan yo te konn viv, jan youn te konplete lòt, jan yo te konn priye ak jene pou lapè tabli nan peyi a, jan ye te konn vwayaje ansanm.
" kisa m tap ye san ou Frank ? Kijan nou pral viv san ou ?" Marie Andre kesyone.
"Mèsi paske ou aprann mwen renmen ayiti, ou aprann mwen fè chit mwen tounen cheval pou m kontinye vwayaj mwen, mèsi mapou mwen" Konsa ekrivèn lan fini lapawòl li.
Sekretè Deta pou kominikasyon an te li diskou Minis Kilti a nan sikonstans lan ki mete aksan sou kalite ekstraòdinè kokenn chenn jeni sa ki make 20èm ak 21è syèk la ki make literati ayisyèn lan sitou ak kouran literè espiralis lan. Pèp la pa bliye kijan Frank antanke Pwofesè kontribye nan emansipasyon plizyè jenerasyon. Antanke premye minis kilti sou prezidans Lesly Manigat an 1988 li te make ti bout tan pal la.
Gouvènman Ayisyen an koube l byen ba devan depou y potorik gason sa ki travèse.
Nap raple Franketienne te fèt jou kite 12 avril 1936 nan Ravin sèch , depatman Latibonit e li mouri 20 fevriye 2025 lan nan komin Delmas Depatman Lwès. Li ekri anpil liv, ranpòte anpil gro pri, prezante anpil konferans isit kou lòtbò dlo, penn anpil tablo, jwe pyès teyat, chante epi anseye.