Se nan dat 2 dwout 2025, DCPJ te anonse arestasyon ansyen Senatè Nip la, CASSY Nenel, nan yon restoran nan Petyonvil. Li te gen yon avi rechèch dèyè l pou asosyasyon malfektè, finansman teworis, konplo ki vize destabilize leta, omisid ak anpil lòt.
Li enpòtan pou n raple ansyen lidè SDP an pa jwi yon bon repitasyon daprè sa ONI, Etazini ak Kanada avanse, li ta gen dwèt li tranpe byen long nan by ensekirite tete, nan simaye zam pou mennen batay politik nan sousi pou kapote pouvwa nan bò pa li.
Pi lwen toujou, non Ansyen palmantè a site byen fò nan zak sasinay ki te fèt sou ansyen konsil Jacques Pierre Matilus 3 fevriye 2021 nan delma 40 b, nan kreyasyon ak finansman group teworis Fantom 509 , nan kolaborasyon ak chef gang Vitelòm Inosan ki kraze ak boule anpil byen leta nan batay kont ansyen Prezidan Jovenel Moïse.
Avèk rive Alix Didier Fils-Aimé nan tèt primati an tout moun sezi remake Senatè a kanpe an mèt pouvwa. Magre gwo chay sanksyon entènansyonal ki plane sou do l san konte zak koripsyon,dilapidasyon ak detounman fon piblik kap paweze nan aktif li sa pa anpeche l mete moun pal nan anpil pòs kle andedan leta.
Malgre DCPJ te met avi rechèch dèyè li, Komisè Pòtoprens lan an bon zanmi te te deside tande l epi voye l ale tankou sitwayen otantik ki pa gen anyen pou yo repwoche l kidonk ki pi blan pase lanèj. Men avi DCPJ an te rete debou, aksyon pakè a sanble pat ebranle pozisyon anketè yo ki deside y ap mare Nenèl kanmem. Chòy di chòy fèt, arestasyon Senatè a rive tankou yon kout tonè nan yon syèl klè, DG PNH la ki konnen l pral tonbe nan pa lontan chwazi mete pouvwa a nan ti soulye l lè l arete you n nan pyon kle primati a. Fas a lopinyon piblik epi apresyasyon kominote entènasyonal la dosye sa paka manyen cho, konfonn vitès ak presipitasyon ap sinonim akwentans pouvwa sa genyen ak sila ki tranpe nan move zafè. Pou evite pèsepsyon sa, yo dwe jwe entèlijan e prensip la klè: "boule Monclair pou Libere Nenel". Sa ki egzakteman fèt.
Jou ki te madi 18 out la li parèt devan komisè Gouvènman an ki, san sipriz, libere l e deklare pa gen ankenn chaj ki kenbe kont mesye Cassy. Mwens pase 24è tan apre Minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Patrick PELISSIER, revoke komisè Frantz Monclair pou fot administrativ grav e ranplase l ansyen Komisè Jiridiksyon Kwadeboukè a, Mèt Guy Alexis.
Daprè Radio Tele Métronome, se reyaksyon kominote entènasyonal la fas a liberasyon vip pip kale bouyi sa ki lakoz revokasyon ak ranplansman rapid komisè Gouvènman potoprens lan e ki ka menm koz Minis jistis la pèdi djòb li paske premye Minis lan te bal lòd veye pou dosye Nenel la trete selon sa lalwa di.
Kounya ann poze kèk kesyon:
- Eske Nenel ap arete ankò, si kominote entènasyonal la ta peze akseleratè a?
- Eske teyat sa pa jwe deja, zafè revoke epi rekonpase ak bèl ti djòb anba anba pou kontinye bwase??
- Poukisa se aprè plis pase 15 jou detansyon, DCPJ resi deside voye Nenel pakè??
- Eske DCJP oubyen lapolis pa oksilyè lajistis ankò?
- Eske Nenel pata dwe pote plent kont DCPJ pou detansyon ilegal ak fo akizasyon yo mete sou do l?
- Eske dènye aksyon sa pa pwouve klè kou klèwòz jistis la depafini nèt se ti jwèt koken pise chat mawon k ap fèt?
- Kilè moun ki dwe dèyè kat miray ap resi al pije pèn yo kòmsadwa??
Antouka tout moun konstate se blan ki dikte lalwa isit, ann tann suit la...