Tous Société Politique Éducation Santé Justice Securité Banditisme International Culture Technologie Nécrologie Sport

Evèk Katolik yo fikse pozisyon yo nan yon nòt yo rann piblik.

Evèk Katolik yo fikse pozisyon yo nan yon nòt yo rann piblik.
Filet / Société | 2024-11-17 | 256 Vue(s)


Nan yon nòt pibliye vandredi 15 novanm 2024, Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH) lanse yon lòt apèl kont vyolans k ap devaste peyi a. Yo eksprime endiyasyon yo devan nivo ensekirite ak zak kraze brize ki ap ravaje divès zòn nan peyi a, espesyalman nan zòn metwopolitèn nan.


Evèk yo denonse konpòteman dekilakyèl otorite yo, ki dapre yo, echwe nan fè fas ak kriz la. "Pa gen moun ki kapab aksepte yon sitiyasyon konsa. Bagay sa yo se rezilta zak ki kont plan Bondye ak diyite moun," yo deklare nan nòt la.


Yo mande dirijan yo ak tout sila ki gen enpak sou kriz la, kit yo gen zam kit yo san zam, pou pran responsablite yo. Evèk yo plede pou retablisman sekirite, respè lavi moun, ak rekonsilyasyon sosyal, pandan yo ensiste sou nesesite pou retabli otorite Leta nan tout peyi a.


Pandan y ap kontinye lapriyè pou peyi a, yo egzòte pèp la pou montre solidarite ak renmen, epi pou lapriyè pou lapè retounen ak jistis pou moun ki viktim yo.


Nap raple , depi fevriye, konjonkti difisil peyi a fòse evèk yo sispann reyini nan syèj yo nan Lilavwa, Kwadèboukè. Sitiyasyon sa moutre aklè gravite kriz la ak nesesite pou poze aksyon ijan.



Lire aussi : Haïti et République Dominicaine : Quand l’abandon d’un État rencontre la cruauté d’un autre

Similaire

Opinion / Société | 2025-05-15 | 59 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Société | 2025-05-13 | 33 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Société | 2025-04-21 | 90 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Filet / Société | 2025-04-15 | 388 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Éditorial / Société | 2025-04-08 | 147 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Filet / Société | 2025-04-08 | 113 Vue(s)
Abraham Shenider MOÏSE
Filet / Société | 2025-04-05 | 119 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Filet / Société | 2025-04-05 | 132 Vue(s)
Djouly MOMBRUN

Autre

Article / Sport | 2025-05-13 | 35 Vue(s)
AGORA PRESSE AGORA PRESSE
Éditorial / Politique | 2025-05-13 | 45 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / International | 2025-05-11 | 69 Vue(s)
Marcsandher ANDRÉ Marcsandher ANDRÉ
Filet / Justice | 2025-05-10 | 54 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Filet / Politique | 2025-05-10 | 56 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Filet / International | 2025-05-03 | 95 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Article / Culture | 2025-05-01 | 156 Vue(s)
Clernie Guerlande THÉODORE
Éditorial / Politique | 2025-04-26 | 125 Vue(s)
Josué SAINT-FÉLIX Josué SAINT-FÉLIX
Accueil Archive Contact